Gras ak Mizerikòd!

Disclaimer: This post is written in Haitian Creole. Since February 2021, Haiti people has been experiencing inexplicable terrors, but yesterday, 15 people were coldly killed in the streets of my home country… and my rage needed to be catalyzed. Many of them were fighting for better days. May their spilled blood become this coward government biggest pain!

15 moun !!!!!! Yon sèl jou! Nivo soufrans sa yo pote emosyon ke w pa ka dekri ak mo! Jodi a mwen blije leve, al regle afè moun yo peye m pou m fè men m ap lapriyè pou pèsonn pa mande m kòman m ye. M poko janm rekonesan pou mas la nan nivo sa a. Egzèsis fo souri a vrèman pa posib depi kèk jou. 15 moun! Lavi an Ayiti ap pèdi sans jou aprè jou pandan m pa wè okenn limyè chanjman. Pawòl ki di se lè li fè pi nwa, limyè a pral klere a genlè potko kontre ak nivo tenèb sa. M kondwi sou wout la, mwen antre nan biwo a, m chita, m ap gade san m pa wè. Moun pale ak mwen, m bat bouch mwen, m pa konn sa pi fò di. Tank jounen ap vanse, m vin pi pè manyen telefòn mwen, m pè li mesaj, pase sou rezo sosyal yo. M anvi kriye men je m sèk, nanm mwen vid. 15 Kretyen vivan ki disparèt tankou nan yon bat je. M pa vle pataje ak on lòt moun ki pa konn reyalite a paske m bouke wè figi ki tris pou mwen. Yon bagay mwen sèten, m pa tris, m nève, men pa gen okenn dout sou sa. Mwen bouke ak aparans tout bagay ap mache n ap bay monn lan. M fatige, m santi enpwisans Chak fwa Ayiti pase nan lespri m. M santi pa kapab, m santi m wont kontan ankò lè m konnen sa k gen dèyè. Jouk ki lè m ap leve yon maten, pase yon jounen san yon mòso kè m p ap rache? Jouk ki lè m ap sispann bay manti lè yon bon pwochen mande m kòman m ye? M pa konn kisa n ap peye oswa anba ki tab nou mare men nou pa fouti di m nou gen nanm ak bon lespri toujou.

PS: premye tèks ki ekri sou blog la an Kreyòl ta dwe chaje kontantman men elas!


2 thoughts on “Gras ak Mizerikòd!

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s