Sou Wout la

Nou bezwen lòt moun bò kote nou, pa vre? Men pouki yo relasyon yo difisil konsa? Eske se metòd kominikasyon ki pa menm oswa nou pa pran tan konprann sa nou tande yo?

Gen moun ki viv sou vayb ak anvi yo nan moman an. M ta renmen konsa men non! Mwen bezwen plan A, B, C lè m ap planifye yon bagay. Sa pa vle di m pap fè on bagay san m pat prepare pou sa, men an jeneral, mwen pito gen on plan. On bagay enteresan yon pwofesè di nan on kou yon lè rete nan lespri m. Chak moun genyen yon teren ki swa anksyete, swa depresyon, si w konn kiyès ou genyen, wa p kapab navige monn lan pi byen. Sa l te vle di m panse se konn fòs ak feblès ou. Mwen konsyan sa mande on lòt efò ki se dakò chita konn kilè ou ye. Moun renmen toujou sou mouvman! Pafwa fè on chita ak tèt yo a ka parèt anpil pou yo. Oswa yo di, yo konn tèt yo ase deja, Kidonk sa pa enpòtan.

Men si w nan gwoup ki panse l ka toujou pote amelyorasyon an, konnen oswa konprann tèt kapab yon egzèsis wa p fè tout vi w! Paske chak sezon nan vi a pote bagay ou ka pa t konnen ki te egziste lakay ou. Pa egzanp, pifò zanmi m ki vinn manman yo, chanje anpil, Pafwa m pa rekonèt moun yo tounen an! Yo menm tou pataje kèk fwa, yo pa t konnen si yo ta p viv nouvo etap sa konsa. Ki sa ou kapab fè si w enterese nan konnen on ti kras sou ou chak jou. Si w ale sou entènèt la, gen plizyè bagay yo Konseye moun. Genyen ki kapab enterese w oswa nivo ekonomik ou kapab repon, genyen lòt ki ka pa di w anyen oswa ou pa ka peye, oswa ki pa kapab nan bidjè ou pou kounya. Avèk eflasyon, se manyen youn, kite lòt la!

Antouka, kèk bagay pwofesyonèl sante mantal yo konn rekòmande, se mache ak entansyon. Ou konsakre 30-40 minit nan jounen an pou mache. Ou kapab ekri tou nan on jounal kijan jounen w pase, filin ou genyen, ak sa ou vle an jeneral. Sa depann de ou. Yon twazyèm bagay ou kapa eseye fè se amelyore jan ou dòmi, konbyen tan somèy ou genyen epi kreye yon woutin ki mache pou ou. Toujou sonje ke pale yon terapis ki kalifye pou sa, se yon gwo zouti nan koze sante mantal ou. Lavi a difisil, pa gen okenn wont nan mande yon ti men pou ede w vanse.

PS: ki mizik nou tande jou sa yo? Naika fenk mete “Guava” deyò, ba l on bri!


2 thoughts on “Sou Wout la

Leave a Reply

Fill in your details below or click an icon to log in:

WordPress.com Logo

You are commenting using your WordPress.com account. Log Out /  Change )

Facebook photo

You are commenting using your Facebook account. Log Out /  Change )

Connecting to %s